3:1 ¶ Yon jou, vč twazč konsa nan apremidi, Pyč ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lč lapriyč.
3:2 Bň Bčl Pňt la (se konsa yo te rele yon pňt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fčt. Chak jou yo te pote l' bň Bčl Pňt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.
3:3 Li wč Pyč ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichňy.
3:4 Pyč ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyč di li: Gade nou.
3:5 Nonm lan pran gade yo; li te kwč yo tapral ba l' kichňy.
3:6 Lč sa a, Pyč di li: Mwen pa gen ni lajan ni lň. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarčt la, leve ou mache.
3:7 Li pran men dwat li, li fč l' kanpe. Menm lč a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fčm.
3:8 Li fč yon sčl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avčk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fč lwanj Bondye.
3:9 Tout pčp la te wč l' ap mache, ap fč lwanj Bondye.
3:10 Lč yo wč se te nonm enfim ki te konn chita bň Bčl Pňt la ap mande lacharite a, yo tout te pč. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la.
3:11 Nonm lan pa t' kite Pyč ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apňt yo sou Galeri Salomon an.
3:12 ¶ Lč Pyč wč sa, li di pčp la: Nou menm moun laras Izrayčl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lč nou konprann se nou menm ki fč nonm sa a mache ak pwňp fňs kouraj nou osinon paske n'ap sčvi Bondye?
3:13 Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakňb, Bondye zansčt nou yo k'ap fč lwanj sčvitč li, Jezi. Nou menm, nou te lage l' nan men otorite yo, nou te voye l' jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.
3:14 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l' jete, nou te pito mande Pilat pou l' te lage yon ansasen ban nou.
3:15 Se konsa nou touye Mčt ki bay lavi a. Men, Bondye fč l' leve soti vivan nan lanmň. Nou se temwen tout bagay sa yo.
3:16 Nou wč nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fňs ankň. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fč l' geri nčt, jan nou ka wč l' la.
3:17 Enben, koulye a, frč m' yo, mwen rekončt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chčf nou yo, kifč nou te aji konsa avčk Jezi.
3:18 Men, depi nan tan lontan, Bondye te fč konnen nan bouch pwofčt li yo ki jan Kris li a te gen pou l' soufri. Se konsa sa l' te di a vin rive vre.
3:19 Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.
3:20 Lč sa a, Bondye va fč nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.
3:21 Pou koulye a, Jezi gen pou l' rete nan syčl la jouk lč Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankň, jan l' te fč nou konnen l' lan nan bouch pwofčt li yo depi nan tan lontan.
3:22 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mčt nou an, gen pou l' voye yon pwofčt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frč nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.
3:23 Nenpňt moun ki p'ap koute pwofčt sa a, se pou yo disparčt li nčt nan mitan pčp Bondye a, se pou yo touye li.
3:24 Tout pwofčt ki te pale depi Samyčl ak tou sa ki te vin apre l' yo, yo tout yo te anonse tan sa a.
3:25 Pwomčs Bondye te fč pwofčt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lčfini nou gen pňsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fč avčk zansčt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremčsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latč va jwenn benediksyon.