Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - EPHESIANS 1

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    1:1 ś Mwen menm, Pňl, yon moun Bondye te deside chwazi pou apňt Jezikri, m'ap ekri lčt sa a voye bay tout pčp Bondye ki nan lavil Efčz la, k'ap kenbe fčm nan lavi y'ap mennen ansanm nan Jezikri.

    1:2 Mwen mande Bondye Papa nou ansanm ak Jezikri, Seyč nou, pou yo ban nou benediksyon ak kč poze.

    1:3 ś Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyč nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syčl la.

    1:4 Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwňch devan li. Nan renmen li renmen nou an,

    1:5 Bondye te deside depi davans pou l' te adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa te fč l' plezi.

    1:6 Se poutčt sa, ann toujou fč lwanj Bondye pou bčl favč sa a li fč nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!

    1:7 Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fč nou wč jan li renmen nou anpil.

    1:8 Li ban nou favč l' an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans.

    1:9 Li fč nou konnen plan travay li te kenbe sekrč nan kč l', plan travay li te gen lide fč depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la.

    1:10 Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nčt lč lč a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syčl la ansanm ak tout bagay ki sou latč a anba yon sčl chčf, anba Kris la.

    1:11 Bondye ap fč tout bagay rive jan l' te deside l' la ak jan l' te vle l' la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lč n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pňsyon pa nou nan byen l' yo.

    1:12 Se sak fč, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sčvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.

    1:13 Konsa tou, nou menm, moun lňt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvčl k'ap fč nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwňmčt la.

    1:14 Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwňmčt li t'ap bay pčp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l' yo nčt. Se sak fč, nou menm tou, moun lňt nasyon yo, n'ap sčvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.

    1:15 ś Se poutčt tout bagay sa yo, depi mwen tande jan nou gen konfyans nan Kris la, jan nou renmen tout moun ki fč pati pčp Bondye a,

    1:16 mwen pa janm sispann di Bondye mčsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lč m'ap lapriyč.

    1:17 Bondye Jezikri, Seyč nou an, fč nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen.

    1:18 Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwňmčt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bčl anpil.

    1:19 Mwen mande l' pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwč nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fč moun wč,

    1:20 lč li te fč Kris la leve soti vivan nan mitan mň yo, li fč l' chita sou bň dwat li nan syčl la.

    1:21 Li mete Kris la anwo tout chčf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sčlman koulye a sou latč, men nan tan ki gen pou vini an tou.

    1:22 Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sčl chčf legliz la.

    1:23 Legliz la se kň Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avčk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar