6:1 ś Frč m' yo, si nou bare yon moun ap fč yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kč nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fč sa avčk dousč. Epi nou menm bň pa nou, veye kň nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.
6:2 Se pou nou yonn ede lňt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.
6:3 Si yon moun ki pa anyen mete nan tčt li li kichňy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tčt li.
6:4 Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tčt yo, y'a kontan pou sa yo fč. Yo p'ap bezwen konpare tčt yo avčk sa lňt yo ap fč.
6:5 Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote.
6:6 Moun k'ap resevwa bon nouvčl la fčt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.
6:7 Pa twonpe tčt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekňlte.
6:8 Moun ki simen sa ki fč kň l' plezi, li gen pou l' rekňlte lanmň. Men, moun ki simen sa ki fč Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fč l' rekňlte lavi ki p'ap janm fini an.
6:9 Pa janm bouke fč byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekňlte lč lč a va rive.
6:10 Se sak fč, toutotan nou jwenn okazyon, ann fč byen pou tout moun, sitou pou frč ak sč nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
6:11 ś Gade ki gwo lčt m'ap ekri nou koulye a ak men pa m'!
6:12 Moun nou wč ki vle fč nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lčzňm. Y'ap fč sa paske yo pa vle pou moun pčsekite yo akňz kwa Kris la.
6:13 Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fč tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fč grandizč pou jan yo te fč nou asepte mak sa a nan kň nou.
6:14 Pou mwen menm, mwen p'ap vante tčt mwen pou lňt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.
6:15 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lňt moun.
6:16 Pou tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l' ba yo kč poze, pou l' gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pčp Bondye a.
6:17 Apre sa, piga pesonn ban m' traka ankň. Paske, mak m'ap pote nan kň mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye.