Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - EZEKIEL 47

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    47:1 ś Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pňtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wč yon dlo k'ap soti anba papňt kay la, li t'ap koule nan direksyon solčy leve. Se nan direksyon sa a pňtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bň sid Tanp lan, li pase adwat sou bň sid lotčl la.

    47:2 Nonm lan fč m' soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pňtay nň a, nou fč yon detou jouk nou rive bň pňtay ki bay sou solčy leve a. Yon ti dlo t'ap koule soti nan kwen sid pňtay la.

    47:3 Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solčy leve. Avčk baton mezi ki te nan men l' lan, li mezire senksan (500) mčt. Rive la, li fč m' janbe dlo a. Dlo a ban m' nan je pye.

    47:4 Li mezire yon lňt senksan (500) mčt ankň, li fč m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan jenou. Li mezire yon lňt senksan (500) mčt ankň, li fč m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren.

    47:5 Li mezire yon lňt senksan (500) mčt. Rive la, se te yon gwo larivyč. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankň, dlo a te twň fon. Se naje pou m' ta naje travčse l'.

    47:6 Li di m' konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wč la a! Apre sa, li fč m' tounen sou bň larivyč a.

    47:7 Lč m' rive la, mwen wč te gen anpil pyebwa sou de bň larivyč a.

    47:8 Li di m' konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l'ap travčse pňsyon tč ki bay sou solčy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l' tonbe nan Lanmč Mouri a. Lč l'a tonbe nan Lanmč mouri a, l'ap fč dlo sale a tounen dlo dous.

    47:9 Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bčt ak pwason. Dlo larivyč a pral fč dlo Lanmč Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi.

    47:10 Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bň lanmč a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmč Mediterane a.

    47:11 Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sčl yo.

    47:12 Sou de bň larivyč a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fčy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fčy yo ap sčvi renmčd.

    47:13 ś Seyč sčl Mčt la di m' ankň: -Men fwontyč peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pčp Izrayčl yo pňsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozčf la de pňsyon.

    47:14 Separe tč a pou chak moun jwenn pňsyon pa yo. Mwen te pwomčt zansčt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.

    47:15 Sou bň nň, fwontyč a va soti depi bň lanmč Mediterane a, l'a desann nan direksyon solčy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la.

    47:16 L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyč peyi Oran an.

    47:17 Konsa, fwontyč nň peyi a soti bň lanmč Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solčy leve. L'ap bňde ak fwontyč peyi Damas ak peyi Amat.

    47:18 Sou bň solčy leve, fwontyč a ap pati nan yon bňn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyč Jouden an k'ap sčvi fwontyč ant peyi Izrayčl la sou bň solčy kouche ak peyi Galarad sou bň solčy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bň lanmč Mouri a.

    47:19 Sou bň sid la, fwontyč ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solčy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bň sous dlo Meriba yo nan peyi Kadčs. Rive la, l'ap vire sou nň yon ti jan sou solčy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bň lanmč Mediterane a.

    47:20 Sou bň solčy kouche a, se lanmč Mediterane a k'ap sčvi yo fwontyč moute rive sou yon bňn ki sou bň solčy kouche lavil Amat.

    47:21 N'a separe tč a bay chak branch fanmi pčp Izrayčl la pňsyon pa yo.

    47:22 N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fčt la va resevwa moso tč pa yo tou lč n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpňt moun pčp Izrayčl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osň pou pňsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pčp Izrayčl yo.

    47:23 Chak moun lňt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tč pa yo nan pňsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Seyč sčl Mčt la, ki di sa.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar