48:1 ś Sou bň nň, fwontyč peyi a ap soti bň lanmč Mediterane a, l'ap pran direksyon solčy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyč ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pčp la pral resevwa yon pňsyon tč k'ap soti depi bň lanmč Mediterane sou lizyč solčy kouche a rive sou lizyč solčy leve a. Lč ou konmanse sou lizyč nň a, ou jwenn pňsyon tč branch fanmi Dann lan.
48:2 Apre li, se pňsyon tč branch fanmi Asč a.
48:3 Apre li, se pňsyon tč branch fanmi Neftali a.
48:4 Apre li, se pňsyon tč branch fanmi Manase a.
48:5 Apre li, se pňsyon tč branch fanmi Efrayim lan.
48:6 Apre li, se pňsyon tč branch fanmi Woubenn lan.
48:7 Apre li, se pňsyon tč branch fanmi Jida a.
48:8 Apre pňsyon Jida a, se va pňsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomčt edmi lajč soti nan nň desann nan sid. L'ap menm longč ak pňsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyč solčy leve rive sou lizyč solčy kouche. Se nan mitan pňsyon sa a y'a moute Tanp lan.
48:9 Nan mitan pňsyon sa a, n'a wete yon moso tč douz kilomčt longč sou dizwit kilomčt lajč mete l' apa nčt pou Seyč a.
48:10 Y'a bay prčt yo yon moso nan tč yo mete apa pou Seyč a. Moso tč pa yo a va mezire douz kilomčt edmi longč soti solčy leve rive solčy kouche, senk kilomčt lajč soti nan nň rive nan sid. Se nan mitan moso tč sa a y'a moute Tanp Seyč a.
48:11 Moso tč sa a va rete pou prčt ki soti nan fanmi Zadňk, prčt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fčm nan sčvis mwen, ki pa t' pčdi tčt yo lč rčs pčp Izrayčl la te pčdi tčt yo ansanm ak lňt moun branch fanmi Levi yo.
48:12 Se konsa, y'a ba yo yon moso tč pou kont yo, kole kole ak moso tč yo bay moun Levi yo. Se moso tč sa a ki va rete apa nčt pou Seyč a.
48:13 Moun Levi yo tou va gen yon moso tč pou yo, sou bň sid pňsyon tč prčt yo. Moso tč sa a tou va mezire douz kilomčt edmi longč soti solčy leve al solčy kouche, sou senk kilomčt lajč soti nan nň rive nan sid.
48:14 Yo p'ap gen dwa ni vann tč a, ni boukante l' ak lňt moun, ni bay lňt moun li. Se pi bon tč nan tout pčyi a. Yo mete l' apa pou Seyč a, se pou li li ye nčt.
48:15 Rčs tč ki rete nan pňsyon mitan an t'ap mezire douz kilomčt edmi longč, sou de kilomčt edmi lajč. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyč a, l'a rete pou sčvis moun lavil la, pou bati kay, pou fč lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'.
48:16 Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2520) mčt chak bň.
48:17 Sou chak bň lavil la va gen yon moso tč kote pou fč lakou. L'a gen sanven (120) mčt lajč.
48:18 Lč y'a fin bati lavil la nan ti pňsyon ki sou bň sid pňsyon tč yo mete apa pou Seyč a, va rete de gwo moso tč, yonn sou chak bň lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomčt longč sou de kilomčt edmi lajč. Y'a sčvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la.
48:19 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tč sa a.
48:20 Konsa, pňsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomčt edmi chak bň. Anplasman lavil la va ladan l' tou.
48:21 Sou bň solčy leve ak sou bň solčy kouche pňsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tč pou prčt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pňsyon ki va pou wa a. Konsa, pňsyon wa a va menm valč ak pňsyon yo bay chak branch fanmi. Tansčlman, l'ap gen pňsyon tč pou Seyč a nan mitan l'.
48:22 Pňsyon sou bň solčy leve a va rive jouk sou lanmč Mediterane a. L'ap gen pňsyon tč pou branch fanmi Jida a sou bň nň, ak pňsyon tč pou branch fanmi Benjamen an sou bň sid pou lizyč.
48:23 Sou bň sid pňsyon mitan sa a, lňt sis branch fanmi pčp la va resevwa pňsyon pa yo. L'a soti depi sou fwontyč bň solčy leve a rive sou fwontyč bň solčy kouche a, bň lanmč Mediterane a. Lč ou konmanse sou lizyč pňsyon mitan an, ou jwenn yon pňsyon tč pou branch fanmi Benjamen an.
48:24 Apre li, se pňsyon tč pou branch fanmi Simeyon an.
48:25 Apre li, se pňsyon tč pou branch fanmi Isaka a.
48:26 Apre li, se pňsyon tč pou branch fanmi Zabilon an.
48:27 Apre li, se pňsyon tč pou branch fanmi Gad la.
48:28 Sou bň sid pňsyon tč pou branch fanmi Gad la, fwontyč a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bň sous dlo Meriba nan peyi Kadčs la, moute pase bň fwontyč peyi Lejip la rive lanmč Mediterane.
48:29 Seyč sčl Mčt la di: -Men peyi nou pral separe an pňsyon pou nou bay chak branch fanmi pčp Izrayčl la pa yo.
48:30 Lavil Jerizalčm va fčmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pňtay. Chak pňtay va pňte non yonn nan douz branch fanmi pčp Izrayčl la. Miray nň a va mezire demil senksanven (2520) mčt longč.
48:31 ś L'a gen twa pňtay: pňtay Woubenn, pňtay Jida, pňtay Levi.
48:32 Miray bň solčy leve a va mezire demil senksanven (2520) mčt longč. L'a gen twa pňtay: pňtay Jozčf, pňtay Benjamen, pňtay Dann.
48:33 Miray sid la va mezire demil senksanven (2520) mčt longč. L'a gen twa pňtay: pňtay Simeyon, pňtay Isaka, pňtay Zabilon.
48:34 Miray bň solčy kouche a va mezire demil senksanven (2520) mčt longč. L'a gen twa pňtay: pňtay Gad, pňtay Asč, pňtay Neftali.