Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - GENESIS 49

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    49:1 ś Jakňb fč rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fč nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.

    49:2 Sanble, vin koute non, pitit Jakňb yo! vin koute sa Izrayčl, papa nou, pral di nou.

    49:3 Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fňs mwen, premye pitit mwen fč. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fňs, se ou ki pi gwončg.

    49:4 Ou tankou yon larivyč k'ap desann. Men, se pa ou k'ap alatčt, paske ou kouche ak yon madanm papa ou. Ou moute sou kabann mwen, ou fč sa ou pa t' dwe fč.

    49:5 ś Simeyon ak Levi se menm moun, se pwason kraze nan bouyon! Yo sčvi ak zam yo pou fč mechanste.

    49:6 Mwen p'ap patisipe nan konplo yo. Mwen p'ap la avčk yo nan reyinyon yo. Paske lč yo ankňlč, yo touye moun. Yo koupe jarčt towo bčf pou dan ri.

    49:7 Madichon pou yo lč yo move paske yo san manman! M'ap fč yo rete toupatou nan peyi Jakňb la. M'ap gaye yo nan tout peyi Izrayčl la.

    49:8 ś Ou menm, Jida, frč ou yo ap fč lwanj ou. W'ap kenbe lčnmi ou yo dčyč kou. Pitit papa ou yo ap bese tčt devan ou.

    49:9 Jida, se yon jenn ti lyon. Lč ou fin fč ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kň ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmčl lyon. Ki moun ki ka deranje ou?

    49:10 Yo p'ap ka wete kňmandman an nan men Jida. Non. Baton kňmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pčp sou latč pral obeyi a va vini.

    49:11 L'ap mare ti bourik li a nan yon pye rezen, l'ap mare pitit manman bourik li a nan pi bon pye rezen an. L'ap lave rad li nan diven, l'ap lave varčz li nan diven wouj kou san.

    49:12 Je l' wouj ak diven. Dan l' blan ak lčt.

    49:13 ś Zabilon pral rete bň lanmč. Batiman yo va jwenn bon pň sou rivaj li yo. Limit peyi l' la ap rive jouk Sidon.

    49:14 Isaka, se yon bon bourik chay. Li kouche nan mitan de bň sakpay.

    49:15 Li wč jan kote li poze kň l' la nan gou li, li wč jan peyi a bčl. Li pare do l' pou l' pote chay li. Li tounen esklav pou l' travay di.

    49:16 Dann ap yon chčf pou pčp li, tankou yon branch nan fanmi Izrayčl.

    49:17 Dann ap tankou yon sčpan bň gran chemen an, yon sčpan mechan sou bň wout la. L'ap mňde chwal yo nan talon pou l' fč kavalye yo tonbe sou tčt.

    49:18 O Seyč, m'ap tann ou vin sove mwen!

    49:19 Ou menm, Gad, yon bann vňlň ap vin tonbe sou ou. Men, w'ap kouri dčyč yo, se ou k'ap mete men sou yo.

    49:20 Peyi Asč a ap bay bon manje k'ap bay fňs. L'ap donnen manje ki gou nan bouch wa yo.

    49:21 Neftali, se yon fenmčl kabrit ki lage. L'ap fč bčl ti pitit.

    49:22 ś Jozčf se boujon yon pye rezen ki konn donnen, li soti nan yon pye rezen bň sous dlo ki donnen byen. Branch li yo moute sou tout miray la.

    49:23 Y'ap chache l' kont, y'ap voye wňch sou li. Moun k'ap voye flčch yo tounen yon pčsekisyon pou li.

    49:24 Men, banza pa li a rete fčm, ponyčt li pa febli, gremesi pouvwa Bondye Jakňb la, Bondye ki gadň pčp Izrayčl la. Se li ki tout pwoteksyon yo.

    49:25 Sa soti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avčk benediksyon lapli ki soti anwo nan syčl la, avčk benediksyon sous dlo k'ap soti anba tč a, avčk benediksyon ki soti nan tete ak nan vant manman.

    49:26 Benediksyon papa ou yo pi plis pase benediksyon mňn ki la pou tout tan yo. Se pou benediksyon sa yo tonbe sou tčt Jozčf, sou tčt moun Bondye te chwazi nan mitan tout frč l' yo.

    49:27 Benjamen, se yon bčt nan bwa devoran. Nan maten, li manje bčt li kenbe a. Nan aswč, l'ap separe toujou sa l' te pran yo.

    49:28 ś Men douz branch fanmi Izrayčl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo.

    49:29 Apre sa, Jakňb ba yo lňd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansčt mwen yo nan twou wňch ki nan jaden Efwon, moun Et la,

    49:30 nan twou wňch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wňch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sčvi l' simityč.

    49:31 Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tout mwen te antere Leya.

    49:32 Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wňch ki sou li a.

    49:33 Lč Jakňb fin pale konsa ak pitit gason l' yo, li lonje kň l' sou kabann lan, li mouri, li al jwenn fanmi li yo ki te mouri deja.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar