50:1 ś Jozčf lage kň l' sou papa l', li kriye kont li, li bo l' nan figi.
50:2 Apre sa, Jozčf rele dňktč ki t'ap sčvi l' yo, li fč yo pare kadav la. Se sa menm dňktč yo fč.
50:3 Yo pran karant jou pou pare kadav la jan yo konn fč l' la. Apre sa, moun peyi Lejip yo pase swasanndi jou ap kriye pou li.
50:4 Lč tout swasanndi jou yo fin pase, jou pou antčman an rive. Jozčf pale ak moun lakay farawon yo, li di yo konsa: -Tanpri souple, rann mwen sčvis sa a. Pote komisyon sa a bay farawon an pou mwen.
50:5 Di l' pou mwen: Anvan papa m' te mouri li te fč m' sčmante pou m' te antere l' nan kavo li te fč pare pou li nan peyi Kanaran. Tanpri, kite m' moute al antere papa m'. Apre sa, m'a tounen.
50:6 Farawon an voye reponn li: -Ou mčt al antere papa ou, jan ou te sčmante ba li a.
50:7 ś Se konsa Jozčf moute al antere papa l'. tout moun lakay farawon yo, tout chčf ak tout notab peyi Lejip yo ale ak li,
50:8 ansanm ak tout fanmi Jozčf yo, frč l' yo, ak tout fanmi papa l' yo. Men yo te kite tout timoun piti yo Gochenn ansanm ak bčt yo, mouton, kabrit ak bčf.
50:9 Te gen anpil cha ak anpil kavalye sou chwal ki t ale avek li. Kifč pa t' manke moun nan lantčman an.
50:10 Lč yo rive nan glasi Atad ki lňt bň larivyč Jouden, kote sňlčy leve a, yo pran rele byen fň. Jozčf te fč yo fč sčvis la pandan sčt jou pou papa l'.
50:11 Lč moun peyi Kanaran yo wč sčvis lantčman yo t'ap fč Atad la, yo di: -Ala yon grannčg ki mouri lakay moun peyi Lejip yo papa! Se poutčt sa yo rele glasi ki lňt bň larivyč Jouden an: Glasi lapenn moun peyi Lejip yo.
50:12 Konsa, pitit gason Jakňb yo te fč jan papa yo te ba yo lňd fč a.
50:13 Yo pote kadav li nan peyi Kanaran, yo antere l' nan twou wňch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men Efwon, moun Et la, pou sčvi l' simityč.
50:14 Apre Jozčf fin antere papa l', li tounen Lejip ansanm ak frč l' yo ak tout moun ki te moute avč l' pou lantčman papa l' la.
50:15 ś Apre lanmň papa yo, frč Jozčf yo di: -Ou pa janm konnen. Jozčf ka kenbe nou nan kč, li ka fč nou peye tout sa nou te fč l' yo.
50:16 Se konsa yo voye di Jozčf: -Men komisyon papa te ban nou pou ou anvan l' te mouri:
50:17 Men sa n'a di Jozčf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frč ou yo te fč ou la. Padonnen peche yo paske yo te fč ou mal anpil. Koulye a atň, tanpri, padonnen mal nou te fč ou la, nou menm k'ap sčvi Bondye papa ou la. Lč Jozčf tande pawňl sa a, li pran kriye.
50:18 Apre sa, frč l' yo vini yo menm menm, yo bese tčt yo jouk atč devan li, yo di l' konsa: -Men nou pote tčt nou pou nou sčvi ou domestik.
50:19 Jozčf di yo: -Nou pa bezwen pč. Mwen pa kapab pran plas Bondye.
50:20 Nou te moute konplo pou fč m' mal. Men Bondye fč sa tounen yon byen, pou l' te fč sak rive jňdi a rive, pou l' te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.
50:21 Non. Nou pa bezwen pč. M'ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Se konsa, Jozčf te pale byen ak frč l' yo, li te di yo pawňl ki te touche kč yo, li remoute kouraj yo.
50:22 ś Jozčf te rete nan peyi Lejip ak tout fanmi papa l' yo. Li te gen sandizan (110 an) lč l' mouri.
50:23 Li te gen tan wč pitit ak pitit pitit Efrayim. Se nan men l' pitit Maki yo te fčt. Maki sa a te pitit Manase.
50:24 Li di frč l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sčten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fč nou kite peyi sa a, l'ap fč nou tounen nan peyi li te sčmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakňb la.
50:25 Apre sa, Jozčf fč pitit Izrayčl yo sčmante ba li, li di yo: -Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lč sa a, tanpri, pote zosman m' yo moute ak nou.