30:1 ś Men mesaj Seyč a te bay pwofčt Jeremi:
30:2 -Se mwen menm Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, k'ap pale avč ou. Ekri nan yon liv tou sa mwen te di ou.
30:3 Paske, talč konsa mwen pral fč pčp mwen an, moun Izrayčl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankň. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansčt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankň.
30:4 Men mesaj Seyč a voye bay moun Izrayčl yo ansanm ak moun Jida yo.
30:5 Mwen tande moun ap rele anmwe. Tout moun tčt anba, yo pa konn sa pou yo fč.
30:6 Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wč tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.
30:7 Ala malč, mezanmi! Se yon gwo jou malč k'ap vini. Pa gen jou ki ka parčt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakňb la! Men, y'a chape anba l'.
30:8 Seyč ki gen tout pouvwa a di ankň: Lč jou sa a va vini, m'a kraze jouk bčf ki dčyč kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lňt nasyon ankň.
30:9 Se mwen menm, Seyč a, Bondye yo a, y'a sčvi ansanm ak yon pitit David m'a mete wa sou yo.
30:10 ś Nou pa bezwen pč, nou menm pitit Jakňb, sčvitč mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pčp Izrayčl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depňte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kč poze, san pesonn pa chache nou kont ankň.
30:11 M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyč a menm ki di sa. M'ap disparčt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fčt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.
30:12 Men sa Seyč a di pčp li a ankň: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmčd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri.
30:13 Pa gen pesonn pou defann kňz ou. Se vre, yo konn geri malenng. Men, pou malenng pa ou la, pa gen renmčd.
30:14 Tout moun ki t'ap fč lamou avč ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankň. Mwen frape ou, tankou si m' te lčnmi ou. Pinisyon an te rčd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fč anpil gwo mechanste.
30:15 Poukisa w'ap plenyen pou jan ou donmaje a, pou soufrans ou ki pa ka fini an? Se paske peche ou la te grav anpil, ou te fč anpil gwo mechanste kifč mwen pini ou konsa.
30:16 Men, yon lč yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fč tout moun ki pa vle wč ou yo prizonye, y'ap depňte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avč ou yo.
30:17 Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyň. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmčd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyč a menm ki di sa.
30:18 ś Seyč a di ankň: -Mwen pral fč moun fanmi Jakňb yo te depňte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bčl kay yo kote yo te ye anvan an.
30:19 Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tčlman yo kontan. M'ap fč yo peple, yo p'ap fin disparčt. M'ap fč moun fč lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankň.
30:20 Pitit gason yo va tankou nan tan lontan. M'ap fč peyi a kanpe byen fčm ankň devan mwen. M'a pini tout moun k'ap peze yo.
30:21 Se yonn nan nou ki va chčf nan peyi a. Wi, se nan mitan nou yon chčf va soti pou gouvčnen nou. L'a vin jwenn mwen lč m'a rele l'. Paske pesonn p'ap pran chans vin jwenn mwen si mwen pa rele l'. Se Seyč a ki di sa.
30:22 Lč sa a, se pčp mwen y'a ye ankň, mwen menm m'a Bondye yo.
30:23 Lč Bondye ankňlč se tankou yon van tanpčt, yon siklňn k'ap tonbe sou tčt mechan yo.