31:1 ś Seyč a di ankň: -Lč sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pčp Izrayčl la. Yo tout y'ap vin pčp pa mwen.
31:2 Nan dezč a mwen te aji ak bon kč ak moun ki te chape anba lanmň nan lagč. Moun Izrayčl yo pral resi viv ak kč poze.
31:3 Byen lwen, Seyč a te fč m' wč li. Li t'ap di: Nou menm moun pčp Izrayčl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutčt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
31:4 Bčl pčp Izrayčl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an. Peyi nou an va kanpe ankň. Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankň. Nou pral danse ak kč kontan.
31:5 Nou pral plante rezen sou tout mňn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekňlte.
31:6 Wi, lč sa a moun k'ap veye yo va rete sou mňn Efrayim yo, y'a rele byen fň: Annou wč! Ann moute mňn Siyon, bň kot Seyč a, Bondye nou an.
31:7 Seyč a di ankň: -Chante ak kč kontan pou pčp Izrayčl la! Pi gwo nasyon pase l' nanpwen. Fč yo tande jan n'ap chante pou Bondye. Seyč a delivre pčp li a. Li delivre sa ki te rete nan pčp Izrayčl la.
31:8 Wi, se mwen menm, Seyč a, k'ap mennen yo sot nan nň. M'ap ranmase yo nan dčnye bout latč. Sa ki avčg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.
31:9 Sou tout wout la y'ap lapriyč, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fč yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bň sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pčp Izrayčl la. Efrayim se premye pitit gason m'.
31:10 ś Seyč a di ankň: -Nou menm lňt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fč konnen l' nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Seyč a te gaye tout pčp Izrayčl la. Se li menm ki pral sanble yo ankň. Mwen pral okipe yo, tankou gadň k'ap okipe mouton l'.
31:11 Mwen libere moun fanmi Jakňb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fň pase yo.
31:12 Y'ap vini sou mňn Siyon an, y'ap chante tčlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyč a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bčf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.
31:13 Jennfi yo va danse tčlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kč yo, m'ap fč yo kontan. M'ap fč yo pran kouraj. Nan mitan chagren yo, m'ap fč yo kontan.
31:14 M'ap fč prčt yo manje vyann gra kont kň yo. Pčp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo. Se mwen menm Seyč a ki di sa.
31:15 Men sa Seyč a di ankň: -Yo tande yon sčl rčl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachčl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri.
31:16 Men sa Seyč a di ankň: -Sispann rčl ou yo, Rachčl. Siye dlo nan je ou. Sa ou te fč pou pitit ou yo p'ap pčdi. Y'ap tounen soti nan peyi lčnmi yo.
31:17 Gen bčl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Seyč a ki di sa.
31:18 ś Mwen tande moun Izrayčl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyč, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fč nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyč a, Bondye nou an.
31:19 Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fč nou lapenn, nou rekončt sa nou te fč a mal. Nou te wont, nou te bese tčt nou atč, paske nou te peche nan tan jennčs nou.
31:20 Izrayčl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutčt sa mwen fčb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyč a ki di sa.
31:21 Mete mak sou tout wout la, plante jalon sou tout chemen an. Jwenn chemen ou te pran lč ou taprale a. Tounen non, nou menm moun pčp Izrayčl yo, tounen lakay nou nan lavil ki pou nou yo.
31:22 Kilč n'a sispann drive deyň, bann wňklň! Mwen fč yon bagay tou nčf nan peyi a: Koulye a se fanm k'ap liyen gason.
31:23 Seyč ki gen tout pouvwa a, Bondye pčp Izrayčl la, di ankň: -Lč m'a fč pčp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankň nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyč a beni mňn ki apa pou li a, mňn kote Bondye k'ap delivre a rete a.
31:24 Se sou mňn sa a moun peyi Jida yo ansanm ak moun tout lavil yo pral rete. Se la moun k'ap travay latč yo ansanm ak moun k'ap gade mouton yo pral rete tou.
31:25 Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouraj. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo.
31:26 Lč sa a, pčp la va di: M' al dňmi. Lč m' leve, mwen wč dňmi an te bon pou mwen.
31:27 ś Talč konsa mwen pral simen moun ak bčt nan tout peyi Izrayčl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Seyč a ki di sa.
31:28 Menm jan mwen te pran san m' pou m' te derasinen yo, lage yo atč, demoli yo, detwi yo, fč malč sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m' pou m' rebati yo, pou m' replante yo. Se Seyč a menm ki di sa.
31:29 Lč sa a, pesonn p'ap di ankň: Papa ak manman te manje rezen včt, se dan timoun yo ki gasi.
31:30 Moun ki manje rezen včt la, se li menm ki va gen dan gasi. Chak moun va mouri pou sa li fč ki mal.
31:31 Seyč a di ankň: Lč a pral rive, mwen pral pase yon lňt kontra avčk moun peyi Izrayčl yo ansanm ak moun peyi Jida yo.
31:32 Se p'ap tankou kontra mwen te pase avčk zansčt yo a lč m' te pran men yo pou m' te fč yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mčt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyč a ki di sa!
31:33 Men kontra mwen pral pase ak pčp Izrayčl la. Se Seyč a menm ki di sa. Lč sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kč yo, m'ap make lňd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pčp pou mwen.
31:34 Pesonn p'ap bezwen moutre lňt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyč a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyč a ki di sa. M'a padonnen sa yo fč ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankň. Se mwen menm Seyč a ki di sa.
31:35 ś Seyč a mete solčy la pou l' klere lajounen. Li bay lalin ak zetwal yo lňd pou yo klere lannwit. Li eksite lanmč a, li fč l' move. Se li menm ki Seyč ki gen tout pouvwa a: Se konsa yo rele l'.
31:36 Toutotan prensip sa yo va kenbe, se toutotan pčp Izrayčl la va yon nasyon devan mwen. Se mwen menm Seyč a ki di sa.
31:37 Si yon jou yo ka rive mezire wotč syčl la, si yo ka rive konnen fondasyon latč a, konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pčp Izrayčl la jete poutčt tou sa yo fč ki mal. Se Seyč a menm ki di sa.
31:38 Men sa Seyč a di ankň: -Pa rete lontan ankň, yo pral rebati tout lavil Jerizalčm pou Seyč a, depi gwo fň Ananyčl la jouk Pňtay Kwen an.
31:39 Limit lavil la va konmanse la, l'a pran direksyon ti mňn Garčb la sou bň lwčs, l'a vire bň Goa.