139:1 ś Pou chčf sanba yo. Se yon sňm David. Seyč, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.
139:2 Ou konnen lč m' chita, ou konnen lč m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tčt mwen.
139:3 Mwen te mčt ap mache, mwen te mčt kouche, ou wč m', ou konnen tou sa m'ap fč.
139:4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
139:5 Kote m' vire, ou la bň kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou.
139:6 Konesans ou genyen yo twňp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.
139:7 ś Ki bň mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bň mwen ta ale pou ou pa wč m' devan je ou?
139:8 Si m' moute nan syčl la, se la ou ye. Si m' desann kote mň yo ye a, ou la tou.
139:9 Si m' vole ale bň kote solčy leve, osinon si m' al rete bň lňt bň lanmč,
139:10 l'a ankň, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'.
139:11 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fčnwa a. M' pral rete kote tout limyč mouri.
139:12 Fčnwa pa fč nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fčnwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.
139:13 Wi, se ou ki fňme tout pati nan kň m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.
139:14 M'ap fč lwanj ou, paske ou pa manke fč bčl bagay. Tou sa ou fč se bčl bagay. Mwen konn sa byen.
139:15 Ou te konnen tout zo nan kň m', depi lč m' t'ap fňme kote moun pa t' ka wč a, depi lč ou t'ap travay mwen ak ladrčs nan fon tč a.
139:16 Depi anvan m' te fčt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fč te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fč yo.
139:17 ś Bondye, sa ki nan tčt ou twň difisil pou m' konprann, lčfini yo anpil!
139:18 Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bň lanmč. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
139:19 Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fč ansasen yo manyč kite m' an repo!
139:20 Yo anba chal! Y'ap revňlte kont ou. Y'ap pale ou mal.
139:21 Seyč, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dčyč ou yo?
139:22 Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lčnmi m'.
139:23 Sonde m', Bondye! Wč tou sa ki nan kč m'! Fouye m'! Wč tou sa ki nan lide m'!