Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 140

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    140:1 ś (140:1) Pou chčf sanba yo. Se yon sňm David. (140:2) Seyč, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,

    140:2 (140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tčt yo, ki tout tan ap pouse dife.

    140:3 (140:4) Lang yo se razwa. Pawňl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sčpan aspik.

    140:4 (140:5) Seyč, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fč m' tonbe.

    140:5 (140:6) Awogan yo pare yon pčlen pou mwen, yo tann pčlen kňd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.

    140:6 (140:7) Mwen di Seyč a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyč, lč m'ap rele nan pye ou.

    140:7 (140:8) Seyč, Bondye mwen, ou se fňs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lč batay la mare.

    140:8 ś (140:9) Seyč, pa kite mechan yo fč sa yo gen lide fč a! Pa kite sa yo vle fč a rive!

    140:9 (140:10) Pa kite moun ki pa vle wč m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!

    140:10 (140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fč yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sňti.

    140:11 (140:12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pčdi pye nan peyi a. Se pou malč tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.

    140:12 (140:13) Mwen konnen Seyč a va fč pňv yo jistis. L'a defann kňz moun ki san sekou yo.

    140:13 (140:14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fč lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar